category
Edikasyon
11/09/2026
15 Timoun Pral Lekòl Gras ak yon Jès Solidarite
B
Bendy SERVILUS
Auteur
visibility
61 vues
Se avèk anpil kè kontan nou anonse Ayiti an Kreyòl ede 15 timoun antre lekòl ane sa a, gras ak sipò Frantz-Ly Louis ak Bozz La. Pou chak timoun sa yo, ane lekòl la peye nèt, ansanm ak materyèl eskolè yo bezwen, tankou valiz, kaye, plim, kreyon, bwat jewometri, ak lòt materyèl nesesè pou lekòl.
Nou konnen sitiyasyon peyi a vrèman difisil. Travay ra, aktivite ekonomik yo difisil, epi anpil fanmi pa gen ase mwayen pou satisfè bezwen debaz pitit yo. Pou anpil paran, achte yon valiz oswa yon paket kaye se yon chay ki twò lou. Se poutèt sa chak timoun nou ede jodi a se yon viktwa pou tout kominote a.
Ayiti an Kreyòl ankouraje tout moun ede selon mwayen w. Pase je w gade bò lakay ou, lonje men bay sa k pi fèb yo. Ou pa bezwen gen anpil pou w fè yon diferans. Menm kèk kaye, kèk plim, yon valiz oswa nenpòt lòt ti sipò kapab ede yon timoun kontinye ale lekòl. Solidarite se fòs nou.
Ann lonje men youn bay lòt. Ann ede timoun yo aprann. Ann bati yon pi bon demen ansanm. Si w vle patisipe nan pwojè sa a oswa sipòte lòt timoun, kontakte nou oswa fè yon don. Chak kontribisyon, kit li piti kit li gwo, fè yon diferans reyèl nan lavi yon timoun.

Atik ki gen rapò
Kijan lang kreyòl la ap chanje Ayiti
12/04/2026